Enfòmasyon enpòtan pou pasyan ki gen plan asirans sante Humana yo

Nou kontan pou n anonse Holy Cross Health ak Humana te rive jwenn yon nouvo akò pou plizyè ane ki pral re-etabli aksè w nan rezo pou etablisman Holy Cross Health ak founisè swen sante ou fè konfyans yo, apati dat 1ye Janvye 2026. 

Nouvo akò sa a asire ou gen aksè nan rezo pou etablisman ak klinik gwoup medikal ki annapre la yo:
•  Holy Cross Health
•  Holy Cross HealthPlex
•  Holy Cross Urgent Care
•  Holy Cross Medical Group (Espesyalis yo nan rezo a pou tout pwodui yo); Swen jeneral yo rete deyò rezo pou Humana 
•  Physicians Outpatient Surgery Center


Tanpri, n ap fè w konnen: Sa pral pran 45 jou anplis pou Humana mete sistèm li ajou pou montre Holy Cross nan rezo pou lopital la ak espesyalis yo.  Pasyan ki gen kouvèti PPO atravè Humana gendwa kontinye resevwa swen avèk Holy Cross Health lè yp itilize avantaj deyò rezo yo. Tanpri kontakte Humana pou konfime avantaj ou yo.

Ou gendwa yon lòt fwa ankò planifye randevou epi chèche swen nan Holy Cross Health san okenn deranjman.

Mèsi pou pasyans ou ak sipò w pandan nou t ap travay pou n rive jwenn yon akò ki jis avèk Humana. Sa pral pèmèt nou bay swen kalite siperyè ke pasyan ak manm kominote tankou oumenm konte sou li. Nou gen enpasyans pou nou kontinye sèvi kominote a pou asire Sante Pase Anpremye.